| |
Si Wap Soti Nan Zòn Lwès
Antre nan otorout (expressway/highway) ki rele Massachusetts Turnpike-la.
Wava pran Soti de otorout (exit) Cambridge-Allston nan. Lè-ou
kite kote wava peye taks yo rele toll-la, rout-la fè 2 branch:
se pou vire sou dwat-ou. Rive nan premye je limyè-a, vire a
dwat sou rout ki rele Storrow Drive-la. Wa gen pou kondwi nan yon
distans ki se apeprè twa (3) mil edmi konsa epwi wava pran
soti (exit) ki make Government Center-a pou rive nan ri Cambridge
Street. Etan ou nan ri Cambridge Street-la se pou swiv direksyon tablo
vè-yo ki make Downtown Boston ak Government Center. Lè
ou pran premye je limyè-a nan Cambridge Street, vire a goch
sou North Grove Street. Se ri sa-a kava mennen-w toudwat Lopital-la.
Wap trouve 2 paking si ou ta vle ale gare vwati-ou: yonn ap sou dwat-ou,
yon lòt ap sou bò goch-ou
Si Wap Soti Nan Zòn Nò
Antre pa yonn nan otorout (expressway) sila-yo: I-93 oubyen I-1.
Pran soti (exit) ki make Storrow Drive-la ki pwal lage-w sou rout
Storrow Drive epwi kenbe liye (track) goch-la. Pandan ou sou rout
Storrow Drive-la, pran soti (exit) Government Center epwi swiv dirèksyon
tablo vè-yo kap dirije-w sou Down-Town Boston avèk
Government Center: wap rive nan Cambridge Street. Etan ou nan Cambridge
Street, lè ou jwenn premye je limyè-a, vire a goch
nan ri ki make North Grove Street-la. Ri sa-a ap mennen-ou dwat
nan Lopital-la.Wava jwenn 2 paking: yonn sou dwat-ou yon lot sou
goch-ou a dispozisyon-w pou gare machin-ou.
Si Wap Soti Nan Zòn Sid
Pran otorout Sidès-la (Southeast Expressway) ki se rout I-93.
Soti nan egzit (exit) Storrow Drive pou tonbe sou rout Storrow Drive.
Pandan ou nan Storrow-Drive pran egzit (exit) Government Center
kava mennen-w nan ri Cambridge Street. Swiv dirèksyon tablo
yo ki make Downtown ak Government Center. Nan premye je limyè
ou trouve nan ri Cambridge Street vire agoch nan ri ki make North
Grove Street-la. Ri sa-a ap mennen-w dwat nan Lopital-la. Epwi wava
Jwenn 2 paking: yonn sou kote dwat-ou, yon lot sou kote goch-ou
pou gare machin-ou.
Si Se Metro Oubyen Sobwe (Subway) Ou Deside
Pran
Pran tren rouj (Red line), sa ki pwale Alewife-la. Desann nan arè
(stop) ki rele Charles MGH (MHG vle di Massachusetts General Hospital/Lopital
Jeneral Masachisèt). Lè ou fini desann tren-an, chèche
siy-yo kap montre-w dirèksyon pou vini Lopital-la. Swiv dirèksyon
yo. Antre nan ri ki rele Cambridge Street-la. Mache yon blok nan
Cambridge Street pou kapab jwenn ri North Grove Street. Le ou rive
nan North Grove Street vire a goch, lap mennen-w dirèkteman
nan Lopital-la.
Silvouplè nou ta renmen fè konnen
ke arè (stop) Charles MGH-la pa fèt pou moun ki andikape-yo.
Ankake Wap Vini Nan Tren (Telke Ou Ta Pran
Yonn Nan Gwo Tren Ki Rele "Amtrak" Oubyen "Commuter
Rail")
Lè ou rive nan dènye arè (tèminis-la)
ki rele South Station-nan pran tren rouj-la (Red line) ki make Alewife.
Lè-ou fini pase 2 arè (stop) ki rele Downtown Crossing
avek Park Street, sepou desann nan twazyèm arè-a.
Seva arè Charles MGH, sa ki vle di: arè pou ale nan
Lopital Jeneral Masachisèt-la (Mass General Hospital).
Si se nan are ki rele North Station ou desann tren AMTRAK-la, sepou
pran ti tren koule vèt-la (Green line). Lè wava rive
nan arè (stop) Park Street, desann tren vè-a, epwi
chanje, pran tren rouj (Red line) ki pwale Alewife. Ouap genyen
pou fè yon sel arè nan tren rouj-la, sepou desann
nan pwochen estop-la kiseva arè Charles MGH.
Etan ou nan arè Charles MGH-la, chèche pou wè
kote ki ekri dirèksyon pou vini Lopita-la. Swiv direksyon
sa-yo. Rantre nan Cambridge Street, mache yon blok sèlman.
Rive nan premye kwen-an, wava jwenn ri North Grove Street. Vire
a goch nan ri North Grove Street, lava mennen-w dirèkteman
nan rantre prensipal Lopital-la.
|